Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”
2 Timote 4:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li. 1998 Haïtienne Aleksann, bòs fòjon an, fè m anpil tò. Senyè a va ba l sa l merite dapre sa l fè a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Aleksann, fòjewon an, li fè m anpil mechanste. Senyè a ap jije l daprè zèv li. |
Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”
Rekonpanse yo selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo. Rekonpanse yo selon zèv men yo. Remèt yo tout rekonpans pa yo.
Epi anplis, lanmou dous se pou Ou, O Senyè. Paske Ou bay rekonpans a lòm selon zèv li yo.
Ou menm ki konnen, O SENYÈ, sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo. Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt; rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.
Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
Pami sila yo, se Hyménée ak Alexandre, ke mwen te livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.
Si nenpòt wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila.
“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”
Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li.
Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”
Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou.