Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Tesalonisyen 1:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Bondye ap fè sa ki dwat. L ap jije moun k ap fè w soufri yo.

Gade chapit la Kopi




2 Tesalonisyen 1:6
18 Referans Kwoze  

“Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo.


Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an,” paske gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay.


Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo; yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous. Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.”


“Rele anpil kont Babylone, tout sila ki konn koube banza yo. Fè kan kont li tout kote, pa bay li mwayen pou chape menm. Rekonpanse li selon zèv li yo. Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li; paske li te vin awogan kont SENYÈ a, kont Sila Ki Sen an Israël la.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li.


Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.


Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo.


“Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”


Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè, epi bay glwa a non Ou? Paske se Ou sèl ki sen. Paske tout nasyon yo va vini pou adore devan Ou. Paske zèv ladwati Ou yo, Ou gen tan revele.”


“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


Nan li menm te twouve san a pwofèt ak sen yo, ak tout sila ki te touye sou latè yo.”


Paske jijman Li yo vrè e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”


Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite