2 Samyèl 7:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kite non Ou kapab vin resevwa glwa jis pou tout tan, pou di: ‘SENYÈ dèzame a se Bondye sou Israël la; epi pou lakay a sèvitè Ou a kapab vin etabli devan Ou.’ 1998 Haïtienne Toupatou sou latè y'a toujou rekonèt jan ou gen pouvwa. Y'a di se Senyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan anba pwoteksyon ou. |
“Pou sa, koulye a, O SENYÈ Bondye, pawòl ke Ou te pale konsènan sèvitè Ou avèk lakay li a, konfime nèt e fè jan Ou te pale a.
Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm.
Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”
Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou, men pou Non Ou glwa bay, akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan. Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.
Papa, ke non Ou kapab resevwa glwa!” Yon vwa te sòti nan syèl la: “Mwen te non sèlman bay li glwa a, men Mwen va bay li glwa ankò.”