Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 17:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Konsa, Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Se konsa li di Bondye: — Tanpri, beni Izmayèl! Pa kite li mouri!

Gade chapit la Kopi




Jenèz 17:18
10 Referans Kwoze  

Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”


Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m, epi Ou mete mwen nan prezans Ou jis pou tout tan.


Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!


Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.


Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an, e se peche nou yo ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.


Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”


Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”


Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?”


Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac. Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo.


Bagay sa a te twouble Abraham anpil akoz fis li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite