2 Samyèl 3:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Wa a te chante yon lamantasyon pou Abner, e te di: “Èske Abner ta dwe mouri tankou yon moun fou ta mouri? 1998 Haïtienne Wa a pran chante pou plenn lanmò Abnè. Li di nan chante a: — Abnè, poukisa ou mouri bèt konsa? |
Men ou pa t mare, ni pye ou pa t anchene. Tankou yon moun ki tonbe devan mechan yo, ou te tonbe.” Epi tout moun te kriye ankò sou li.
Konsa, Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo.
Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.
“‘“Sa se yon lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”