2 Samyèl 22:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te eklate depi nan syèl la, e vwa Pli Wo a te reponn. 1998 Haïtienne Senyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li. |
Konsa, nou va pou Mwen, yon wayòm prèt yo, e yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.”
SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo.
Anplis, bri a zèl cheriben yo te vin tande jis rive nan lakou eksteyè a, tankou vwa SENYÈ Pwisan an lè L pale.
Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.
Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”
Pandan Samuel t ap ofri ofrann brile a, Filisten yo te rapwoche pou fè batay kont Israël. Men SENYÈ a te gwonde nan jou sa a kont Filisten yo. Li te fè yon malkonprann antre yo, e Li te boulvèse yo devan Israël.