Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 19:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men Abischaï, fis a Tseurja a te di: “Èske Schimeï pa ta dwe mete a lanmò pou sa, akoz li te modi onksyone a SENYÈ a?”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè sa a, Abichayi, pitit gason Sewouya a, pale, li di konsa: — Sa pa ka anpeche yo touye Chimeyi, paske li te bay moun Bondye te chwazi pou wa a madichon.

Gade chapit la



2 Samyèl 19:21
10 Referans Kwoze  

Konsa, David avèk mesye pa li yo te fè wout yo. Epi Schimeï te mache akote pant mòn nan vizavi de yo menm. Pandan li t ap prale, li te modi, li te jete wòch, e li te jete pousyè bò kote li.


Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche.


Alò, Abischai, fis a Tseruja a te di a wa a: “Poukisa chen mouri sa a ta dwe modi mèt mwen an, wa a? Kite mwen janbe ale koupe tèt li.”


Gade byen boukliye nou an. Gade sou vizaj onksyone Ou a.


Ou pa pou modi Bondye, ni modi yon chèf pèp ou.


Souf lè ki nan nen nou, nou menm ki onksyone de SENYÈ a, te vin kaptire nan twou fòs yo, de sila nou te konn di: “Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.


Epi li te di a mesye pa li yo: “Se lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.”


Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?”