Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.
2 Samyèl 16:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Absalom te di a Achitophel: “Ban m konsèy pa w Kisa nou dwe fè?” 1998 Haïtienne Apre sa, Absalon vire bò Achitofèl, li di l konsa: — Ann antann nou sou sa nou pral fè kounyeya. |
Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.
Anplis de sa, se kilès pou m ta sèvi? Se pa nan prezans a fis li a? Jis jan ke m te sèvi nan prezans papa ou a, konsa mwen va ye nan prezans pa w.”
Achitophel te di a Absalom: “Antre nan ti mennaj papa ou te lese pou okipe kay la; epi tout Israël va tande ke ou te fè tèt ou rayisab a papa ou. Anplis, men a tout sila ki avèk ou yo va vin ranfòse.”
Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:
Vini, annou aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”
Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?”
Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.