Epi Joseph te mennen papa li, Jacob. Li te prezante li bay Farawon, epi Jacob te beni Farawon.
2 Samyèl 14:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Joab te tonbe figi atè, kouche nèt e te beni wa a. Epi Joab te di: “Jodi a, sèvitè ou konnen ke li twouve favè nan zye ou, O mèt mwen, wa a, akoz wa a te akonpli demann lan a sèvitè li a.” 1998 Haïtienne Joab tonbe ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè. Li di: — Se pou Bondye beni ou, monwa! Jòdi a mwen konnen ou kontan avè m vre, paske ou ban mwen sa m mande ou la. |
Epi Joseph te mennen papa li, Jacob. Li te prezante li bay Farawon, epi Jacob te beni Farawon.
Alò, wa a te di Joab: “Gade byen, anverite, mwen va fè bagay sa a. Pou sa, ale mennen fè tounen jennonm nan, Absalom.”
Alò, lè fanm a Tekoa a te pale a wa a, li te vin tonbe sou figi li e te kouche atè nèt, Li te di: “Sekou, O wa.”
Tout moun yo te travèse Jourdain an e wa a te travèse tou. Epi wa a te bo Barzillaï. Li te beni li e li te retounen nan plas li.
Paske lè zòrèy la te tande m, li te rele m beni, e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,
Ruth, Moabit la te di a Naomi: “Souple, kite mwen ale ranmase lòj pami tèt sereyal yo nan chan a sila ke mwen kapab twouve favè nan zye li.” Epi li te di l: “Ale fi mwen.”
Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”