Alò, rezon pou sila ke m vini pou pale pawòl sa a de mèt mwen an, wa a, se ke pèp la te fè m pè; pou sa sèvant pa ou a te di a: ‘Kite mwen pale avèk wa a. Petèt wa a va akonpli demann lan a sèvant li an.’
2 Samyèl 14:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske wa a va tande e delivre sèvant li an soti nan men a nonm ki ta detwi ni mwen, ni fis mwen an sou eritaj Bondye a. 1998 Haïtienne Mwen t'ap di wa a ka koute m, li ka delivre m anba men moun ki sòti pou yo touye pitit gason m lan ansanm avè m, anba men moun ki sòti pou wete moso tè ki vin pou nou nan peyi Bondye bay pèp li a. |
Alò, rezon pou sila ke m vini pou pale pawòl sa a de mèt mwen an, wa a, se ke pèp la te fè m pè; pou sa sèvant pa ou a te di a: ‘Kite mwen pale avèk wa a. Petèt wa a va akonpli demann lan a sèvant li an.’
Mwen pami sila ki pezib e fidèl an Israël yo. W ap chache detwi yon vil, menm yon manman an Israël. Poukisa ou ta anglouti tout eritaj SENYÈ a?”
Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’