Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 14:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò, sèvant ou an te di: ‘Souple kite pawòl a mèt mwen an, wa a, vin rekonfòte mwen, paske tankou zanj Bondye a, se konsa mèt mwen an, wa a, ye pou distenge sa ki bon avèk sa ki mal. Epi ke SENYÈ a, Bondye pa ou a, kapab avèk ou.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Mwen di ankò pawòl monwa va ban m kouray paske wa a se tankou yon zanj Bondye li ye. Li konn rekonèt sa ki byen ak sa ki mal. Mwen mande pou Senyè a, Bondye ou la, toujou kanpe la avè ou!

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 14:17
13 Referans Kwoze  

Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou.


Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’


pou l te kab chanje aparans a bagay yo, sèvitè Joab la te fè bagay sa a. Men mèt mwen an saj, tankou sajès a zanj Bondye a, pou konnen tout sa ki sou tè a.”


Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”


Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.


Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li.


Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò; konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa.


Èske gen enjistis sou lang mwen? Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”


Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.


Wa a te reponn e te di a fanm nan: “Souple, pa kache pou mwen anyen ke m prè pou mande ou la a.” Epi fanm nan te di: “Kite mèt mwen an, wa a, pale, souple.”


Jis jan ke nou te obeyi Moïse nan tout bagay la, konsa nou va obeyi ou. Sèlman ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk ou tankou Li te avèk Moïse la.


Paske tout manm lakay papa m pa t plis ke moun mouri devan mèt mwen an, wa a. Malgre ou te mete sèvitè ou pami sila ki te manje sou pwòp tab pa ou. Ki dwa mwen gen pou m ta plenyen anplis a wa a?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite