1 Samyèl 26:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen19 Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’ Gade chapit la1998 Haïtienne19 Kounyeya, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Senyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Senyè a tonbe sou yo! Kounyeya, yo mete m deyò nan peyi a pou m pèdi pòsyon pa m nan tè Senyè a te bay pèp li a, yo voye m al sèvi lòt bondye. Gade chapit la |