Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 13:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Amnon te tèlman fristre akoz sè li, Tamar, ke sa te fè li vin malad, paske li te vyèj e li te sanble difisil pou Amnon fè yon bagay ak li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Amnon te sitèlman renmen l, li vin malad paske li pat ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pat kite l kontre ak okenn gason.

Gade chapit la



2 Samyèl 13:2
5 Referans Kwoze  

Pi tà, apre sa Absalom, fis a David la te gen yon sè byen bèl ki te rele Tamar e Amnon, fis a David la te renmen li.


Men Amnon te gen yon zanmi ki te rele Jonadab, fis a Schimea a, frè David. Epi Jonadab te yon nonm byen rize.


Konsa, Achab te rive lakay li pa kontan e byen vekse akoz pawòl ke Naboth, Jizreyelit la, te pale a li a, paske li te di: “Mwen p ap bay ou eritaj zansèt mwen yo.” Li te kouche sou kabann li, te vire figi li akote e li pa t manje manje.


“M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l; ke mwen malad ak lanmou.”


Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.