Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 13:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pi tà, apre sa Absalom, fis a David la te gen yon sè byen bèl ki te rele Tamar e Amnon, fis a David la te renmen li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit David te vin tonbe damou pou Tama.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 13:1
15 Referans Kwoze  

Tout sila yo se fis a David, anplis, fis a ti mennaj li yo; epi Tamar te sè li.


Twazyèm nan, Absalom, fis a Maaca a, fi a Talmaï a, wa Gueschur a; katriyèm nan, Adonija, fis a Haggith la;


Pou Absalom te ne twa fis ak yon fi ki te rele Tamar. Se te yon fanm ki te byen bèl.


Epi Amnon te vin rayi li avèk yon trè gwo rayisman. Rayisman avèk sila li te rayi li a te pi gran pase renmen avèk sila li te renmen li an. Amnon te di li: “Leve, sòti!”


Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.


Pa dezire bote li nan kè ou, ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.


Alò, Wa Salomon te renmen anpil fanm etranje ansanm avèk fi Farawon an: Moabit yo, Amonit yo, Edomit yo, Sidonyen yo ak fanm Etyen yo,


Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li.


Li te vrèman atire a Dina, fi Jacob la. Li te renmen fi a, e li te pale ak dousè avè l.


Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li.


Alò Jacob te renmen Rachel, e konsa li te di: “Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.”


ke fis Bondye yo te wè ke fi lezòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.


Amnon te tèlman fristre akoz sè li, Tamar, ke sa te fè li vin malad, paske li te vyèj e li te sanble difisil pou Amnon fè yon bagay ak li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite