Souple, remèt yo nan menm jou sa a, chan yo, chan rezen yo, chan oliv yo, avèk kay yo, avèk santyèm pati nan lajan, nan sereyal, diven nèf, avèk lwil ke nou ap egzije de yo.”
2 Samyèl 12:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.” 1998 Haïtienne Pou l peye bagay lèd li fè a, l'ap renmèt kat fwa lavalè sa l te pran an, paske li san pitye. |
Souple, remèt yo nan menm jou sa a, chan yo, chan rezen yo, chan oliv yo, avèk kay yo, avèk santyèm pati nan lajan, nan sereyal, diven nèf, avèk lwil ke nou ap egzije de yo.”
Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e kat mouton pou mouton an.
Men si pa aza, li jwenn li, la oblije repeye li sèt fwa. Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.
oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a.
Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”
Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.