Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 6:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 osinon sa li te sèmante li pa te jwenn nan. Wi, se pou li renmèt tout, plis ven pou san, bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye sa li te fè ki mal la.

Gade chapit la Kopi




Levitik 6:5
16 Referans Kwoze  

Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.”


epi pou yo ta kab pote premye fwi tè yo avèk premye fwi a tout fwi a tout pyebwa yo, lakay SENYÈ a chak ane,


Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e kat mouton pou mouton an.


Si sa li te vòlè a twouve nan posesyon li, menm si se yon bourik, oswa yon mouton, li va peye li doub.


Si yon mesye bay vwazen li lajan oswa byen li pou kenbe pou li, e li vòlè soti lakay mesye a, depi vòlè a kenbe, li va peye doub.


Pou chak vyòl konfyans, kèlkeswa ke se pou bèf, pou bourik, pou mouton, pou rad, oswa pou nenpòt bagay ki pèdi, si yon moun kapab di: “Sila se pa m nan!”, yo toude va vini devan jij yo. Konsa, sila ke jij yo kondane a va peye doub a vwazen li an.


“Aaron va brile lansan ki santi bon sou li. Li va brile li chak maten lè l ap pran swen lanp yo.


“Se pa jèn sila a ke M pito; pou lache lyann mechanste yo, pou demare kòd jouk la, pou lese oprime yo pran libète e kase tout jouk yo?


Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn. Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’. “Si ou retire jouk la nan mitan nou, sispann pwente dwat sou lòt e sispann pale mechanste;


si yon nonm mechan vin remèt sa li te pwomèt pou bay, remèt sa li te pran nan vòlè, mache nan règleman ki bay lavi san ke li pa komèt inikite, li va anverite viv. Li p ap mouri.


Li va peye pou peche ke li te fè kont bagay sen an, e li va mete sou li yon senkyèm pati anplis pou pote bay prèt la. Prèt la, alò va fè ekspiyasyon pou li avèk belye a ofrann koupabilite a, e Li va padone.


Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”


Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite