Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 12:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, David te rekonfòte madanm li, Bath-Schéba. Li te antre nan li e li te kouche avèk li. Li te bay nesans a yon fis e li te rele li Salomon. Alò, SENYÈ a te renmen li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre sa, David al konsole Batcheba, madanm li. Li kouche avè l, Batcheba vin ansent, li fè yon pitit gason. David rele l Salomon. Senyè a te renmen ti gason sa a.

Gade chapit la



2 Samyèl 12:24
13 Referans Kwoze  

Li te voye nouvèl la pa Nathan, pwofèt la e Nathan te rele li Jedidja pou koz SENYÈ a.


Alò, sila yo se non a sila ki te fèt pou li Jérusalem yo: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon,


Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li.


Men li pa t envite Nathan, pwofèt la, Benaja, mesye vanyan yo, ni Salomon, frè l la.


Konsa Nathan te pale avèk Bath-Schéba, manman a Salomon. Li te di: “Èske ou pa t tande ke Adonija, fis a Haggith la te devni wa, e David, mèt nou an, pa konnen sa?


Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a.


Men sila ki te fèt a li Jérusalem yo: Schimea, Schobab, Nathan avèk Salomon, kat pa Bath-Schua, fi a Ammiel la;


Èske Salomon, wa Israël la, pa t peche nan bagay sa yo? Malgre, pami anpil nasyon yo, pa t gen wa tankou li, li te renmen pa Bondye li a, e Bondye te fè li wa sou tout Israël. Sepandan, fanm etranje yo te fè menm li menm nan fè peche.


Lè m te yon jenn timoun ak papa m, byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,


Epi Isaï te bay nesans a David, wa a. David te fè Salomon pa Bathshéba ki te madanm a Urie.


A Benjamin, li te di: “Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li, paske Li pwoteje li tout lajounen. Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”