Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 4:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m, byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lè mwen te timoun piti lakay papa m, lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 4:3
8 Referans Kwoze  

David te di: “Fis mwen, Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri.


Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj.


Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a.


Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li.


Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm, ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.


Men sila ki te fèt a li Jérusalem yo: Schimea, Schobab, Nathan avèk Salomon, kat pa Bath-Schua, fi a Ammiel la;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite