2 Samyèl 11:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a. 1998 Haïtienne Lè seremoni lantèman yo fini, David voye chache l, li pran l lakay li. Batcheba vin madanm li. Li fè yon pitit gason pou David. Men, sa David te fè a pat fè Senyè a plezi menm. |
Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo.
Men si Li ta di konsa: ‘Mwen pa gen kè kontan avè w’, gade byen, men mwen, kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.”
Lè Achab te tande ke Naboth te mouri, Achab te leve desann kote chan rezen a Naboth la, Jizreyelit la, pou l te pran posesyon li.
Achab te di a Élie: “Èske ou vin jwenn mwen, O lènmi mwen?” Epi li te reponn: “Mwen te jwenn ou akoz ou te vann tèt ou pou fè mechanste nan zye SENYÈ a.
Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo. SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san, ki twonpe moun.
Se konsa li ye ak yon nonm ki antre nan madanm vwazen li. Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?”
Epi Isaï te bay nesans a David, wa a. David te fè Salomon pa Bathshéba ki te madanm a Urie.
alò, mesye ki te kouche avè l la, va bay papa fi a senkant sik an ajan. Konsa, li va devni madanm li akoz li te imilye li. Li pa kapab divòse ak li pandan tout jou li yo.
Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.