Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 11:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, se te pandan Joab t ap veye vil la, ke li te mete Urie nan plas kote li te konnen lènmi an te gen mesye vanyan yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se konsa, Joab ki te sènen lavil Raba a voye Ouri kote li te konnen lènmi yo te pi fò a.

Gade chapit la



2 Samyèl 11:16
13 Referans Kwoze  

Li te ekri nan lèt la, e te di: “Mete Urie pa devan nan chan kote batay la pi rèd la e retounen kite li, pou l kab tonbe mouri.”


Mesye vil yo te sòti goumen kont Joab, kèk nan moun pami sèvitè a David yo te tonbe. Epi Urie, Itit la te mouri tou.


Se kilès ki te frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’”


Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.


“Alò, ou konnen tou, sa ke Joab, fis a Tseruja a te fè m, sa ke li te fè a de chèf lame Israël yo, a Abner, fis a Ner a ak Amasa, fis a Jéther a, ke li te touye. Anplis li te vèse san lagè nan tan lapè. Epi li te mete san lagè nan sentiwon senti li ak sou sandal nan pye li.


Alò, li te ekri yon lèt yon dezyèm fwa. Li te di: “Si ou sou kote pa m, ou va koute vwa m, pran tèt a mesye yo, fis a mèt ou yo, e vin kote mwen Jizréel demen vè lè sa a.” Alò, fis a wa yo, swasann-dis moun, te avèk moun enpòtan ki nan vil yo ki t ap leve yo.


Si gouvènè a prete atansyon a manti, tout minis li yo va vin mechan.


Éphraïm vin oprime, Li vin kraze nan jijman an, akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.


Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm.