Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 11:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Se kilès ki te frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Nou genlè bliye jan Abimelèk, pitit Jedeyon an te mouri lavil Tebès? Se yon fanm ki te rete sou tèt miray la, li voye yo wòl moulen sou li, li touye l frèt. Poukisa atò nou te pwoche pre lavil la konsa? Si wa a pale konsa avè ou, w'a di l: Ouri, moun peyi Et la, ofisye lame ou la, mouri tou.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 11:21
11 Referans Kwoze  

Mesye vil yo te sòti goumen kont Joab, kèk nan moun pami sèvitè a David yo te tonbe. Epi Urie, Itit la te mouri tou.


epi li vin rive ke kòlè leve nan wa a e li di ou: ‘Poukisa ou te pwoche pre vil la konsa pou goumen? Èske ou pa t konnen ke yo ta tire soti sou miray la?


Konsa, mesaje a te pati pou te vin bay rapò a David, de tout sa ke Joab te voye li pale yo.


Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.


Men ou pa t mare, ni pye ou pa t anchene. Tankou yon moun ki tonbe devan mechan yo, ou te tonbe.” Epi tout moun te kriye ankò sou li.


Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo. Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.


Yo tout va reponn epi mande ou: ‘Ou menm, èske ou vin fèb tankou nou? Èske ou vini tankou nou?’


Pou sa, nan jou sa a, li te bay a Gédéon non Jerubbaal, ki vle di, “Kite Baal plede pou kont li”, akoz li te chire lotèl li.”


Epi Jerubbaal (sa vle di Gédéon) avèk tout pèp ki te avèk li a te leve granmmaten e te fè kan an kote sous Harod la. Kan Madian an te vè nò de yo menm, akote ti mòn Moreh nan vale a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite