Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Kwonik 34:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè wa a te tande pawòl lalwa yo, li te chire rad li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan Liv la, li chire rad sou li tèlman li te sezi.

Gade chapit la



2 Kwonik 34:19
14 Referans Kwoze  

Lè Ézéchias te tande sa, li te chire rad li. Li te kouvri kò li avèk twal sak e li te antre lakay SENYÈ a.


Lè wa a te tande pawòl a liv lalwa a, li te chire rad li.


Akoz kè ou te vin mou e ou te imilye ou devan SENYÈ a lè ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,’ deklare SENYÈ a.


Anplis, Schaphan, sekretè a te di wa a, “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li ladann nan, nan prezans a wa a.


Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan nan, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di:


Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo.


Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.” Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an, paske Li plen gras ak mizerikòd, lan nan kòlè, plen ak lanmou dous, e konn ralanti nan fè malè.


Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.


Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye.


Josué te chire rad li, e te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a, jis rive nan aswè, ni li menm avèk ansyen a Israël yo. Epi yo te mete pousyè sou tèt yo.