Se sèl wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo.
2 Kwonik 25:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, sepandan, pa avèk tout kè l. 1998 Haïtienne Amasya te fè sa ki dwat devan Senyè a, men pa ak tout kè li. |
Se sèl wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo.
Alò, lè Amatsia te sòti nan masak Edomit yo, li te pote dye a fis a Séir yo. Li te pozisyone yo tankou dye pa li, pou l bese ba devan yo e te brile lansan a yo menm.
Alò, li te vin rive depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye papa li, wa a.
Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,
Kè yo vin divize. Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo. SENYÈ a va kraze lotèl yo. Li va detwi pilye sakre yo.
Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”