Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ men nou te refize tande? Konsa, fwi san li an vin parèt.”
2 Kwonik 24:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!” 1998 Haïtienne Joas te bliye tout byen Jeojada, papa Zakari, te fè pou li, li fè touye Zakari. Anvan Zakari rann dènye souf li, li di byen fò: — Se pou Senyè a wè sa ou fè la a, se pou l pini ou pou sa! |
Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ men nou te refize tande? Konsa, fwi san li an vin parèt.”
Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.
Ou te wè sa, paske Ou te wè kont mechanste ak agase moun pou pran sa an men. Malere a ap depann de Ou menm; Se Ou ki konn ede òfelen an.
Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,
Men O SENYÈ dèzame yo, ki fè jijman ki dwat yo, ki sonde santiman ak kè yo, kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.
Paske sila k ap detwi a fin rive sou li, sou Babylone nan menm. Mesye pwisan li yo fin kaptire. Banza yo fin kraze nèt. Paske SENYÈ a se yon Bondye k ap bay rekonpans. L ap rekonpanse nèt.
soti nan san Abel la, jis rive nan san a Zacharie, ki te peri antre nan otèl la ak kay Bondye a. Wi, Mwen di nou, li va chaje kont jenerasyon sila a.
Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”
Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.
Si nou bati pou kont nou yon lotèl pou detounen pa swiv SENYÈ a, oswa si pou nou ofri yon ofrann brile, oswa yon ofrann sereyal sou li, oswa si se pou ofri sakrifis lapè sou li, ke SENYÈ a, li menm, fè demann sa a.
“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”
Paske jijman Li yo vrè e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”
Ni yo pa t bay favè a kay Jerubbaal (sa vle di, Gédéon) an akò avèk tout byen ke li te fè pou Israël yo.