Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal.
2 Kwonik 22:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li. 1998 Haïtienne Li fè sa ki mal nan je Senyè a paske, apre lanmò papa l, se lòt moun fanmi Akab yo ki vin sèvi tankou konseye wa a. Se sa ki pèdi l nèt. |
Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal.
Epi Nebucadnetsar, wa a, te voye rasanble tout satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, tout majistra ak chèf an pwovens yo pou vini nan seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.
Epi Nebucadnetsar, wa a, te vin etone e te kanpe vit. Li te di a wo ofisye li yo: “Se pa twa mesye nou te voye jete tou mare nan mitan dife a?” Yo te reponn a wa a: “Byen si, O wa.”
Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”