Achazia te mache nan chemen lakay Achab e te fè mal nan zye SENYÈ a tankou lakay Achab, akoz se te bofis a lakay Achab.
2 Kwonik 22:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal. 1998 Haïtienne Okozyas tou te mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo, paske manman l t'ap ba li move konsèy. |
Achazia te mache nan chemen lakay Achab e te fè mal nan zye SENYÈ a tankou lakay Achab, akoz se te bofis a lakay Achab.
Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa a e li te renye ennan Jérusalem. Non manman l te Athalie, fi a Omri.
Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li.
Men apre lanmò Jehojada, ofisye Juda yo te vini bese ba devan wa a, e wa a te koute yo.
Paske fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal.
Éske Li pa t fè nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.
Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.
Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije.