Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 22:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Li fè sa ki mal nan je Senyè a paske, apre lanmò papa l, se lòt moun fanmi Akab yo ki vin sèvi tankou konseye wa a. Se sa ki pèdi l nèt.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 22:4
9 Referans Kwoze  

Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal.


Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, pa dakò.


Panse a moun dwat yo jis; men konsèy a mechan yo se desepsyon.


Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.


Sispann koute disiplin, fis mwen an e ou va pèdi chemen konesans.


Epi Nebucadnetsar, wa a, te voye rasanble tout satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, tout majistra ak chèf an pwovens yo pou vini nan seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.


Epi Nebucadnetsar, wa a, te vin etone e te kanpe vit. Li te di a wo ofisye li yo: “Se pa twa mesye nou te voye jete tou mare nan mitan dife a?” Yo te reponn a wa a: “Byen si, O wa.”


Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite