Yo te frape mesye ki te nan pòtay kay la pou yo vin avèg, ni piti ni gran, pou yo fatige kò yo e pou yo pa t ka twouve pòt la.
2 Kwonik 18:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman.” 1998 Haïtienne Men, wa peyi Siri a te bay trannde chèf ki t'ap kòmande cha lagè yo lòd pou yo pa atake pèsonn pase wa peyi Izrayèl la. |
Yo te frape mesye ki te nan pòtay kay la pou yo vin avèg, ni piti ni gran, pou yo fatige kò yo e pou yo pa t ka twouve pòt la.
Li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te kite sòti nan men ou nonm ke mwen te dedye a destriksyon an; pou sa, lavi ou va ale pou lavi pa li e pèp ou a pou pèp pa li a.’”
Alò, wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la.”
epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm.
Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen pou antre nan batay la, e ou menm, mete pwòp manto ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li, e yo te antre nan batay la.
Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te kriye anmwey, e SENYÈ a te fè l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l.
Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’