Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 18:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te kriye anmwey, e SENYÈ a te fè l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Se konsa, lè kòmandan cha lagè yo wè Jozafa, yo tout te konprann se li ki te wa peyi Izrayèl la. Yo vire sou li pou yo atake l. Men, Jozafa rele anmwe. Bondye sèl mèt la vin pote l sekou, li fè yo vire kite l.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 18:31
21 Referans Kwoze  

Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li.


Lè Juda te vire, alò yo te atake ni devan ni dèyè; pou sa, yo te kriye a SENYÈ a e prèt yo te soufle twonpèt yo.


Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda.


Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”


Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman.”


Lè chèf cha yo te wè ke se pa t wa Israël la, yo te retounen pa swiv li.


Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo.


Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di:


Beni se SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, ki te mete yon bagay konsa nan kè a wa a, pou fè bèl kay SENYÈ a ki Jérusalem nan;


O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.” Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.


Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe, Men SENYÈ a te fè m sekou.


Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo, epi li sove yo nan gwo twoub.


Bondye se pwotèj nou ak fòs nou, yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan


Nan Bondye, ma louwe pawòl li. Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.


Si SENYÈ a pa t sekou mwen, nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.


Pandan Farawon t ap pwoche, fis Israël yo te gade, e vwala, Ejipsyen yo t ap mache dèyè yo. Yo te vin pè anpil, epi fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a.


Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.


Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; Li vire l kote Li vle.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite