Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 19:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Yo te frape mesye ki te nan pòtay kay la pou yo vin avèg, ni piti ni gran, pou yo fatige kò yo e pou yo pa t ka twouve pòt la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Lèfini, yo vegle tout mesye ki te devan pòt kay la, depi pi piti a jouk pi gran an. Se konsa mesye yo t'ap vire tounen adwat agòch, yo pat kapab jwenn kote pòt kay la te ye.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 19:11
7 Referans Kwoze  

Konsa, de mesye yo te di Lot: “Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a,


Lè yo te desann kote li, Élisée te priye a SENYÈ a e te di: “Mwen priye, frape pèp sa a pou fè yo vin avèg.” Konsa, Li te frape yo pou fè yo vin avèg selon pawòl Élisée a.


Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.


Ou te fatige akoz wout ou te long, men ou pa t di: ‘Nanpwen espwa.’ Ou te jwenn fòs renouvle. Ou pa t febli menm.


Poukisa ou mache toupatou konsa nan chanje wout ou? Anplis, Égypte va fè ou wont, menm jan ke Assyrie te fè ou wont lan.


Koulye a, gade byen men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.” Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite