Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
2 Kwonik 15:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan tan sa yo, pa t gen lapè pou sila ki sòti, ni sila ki antre a, paske anpil gwo zen te twouble tout moun ki te rete nan peyi yo. 1998 Haïtienne Nan tan sa yo, pèsonn pat ka okipe zafè yo ak kè poze, paske te gen gwo dezòd pou tout moun nan tout peyi. |
Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
Paske avan jou sa yo, pa t gen salè pou moun, pa t gen salè bèt; pa t gen lapè nonplis pou sila ki t ap antre oswa ki t ap soti, akoz lènmi li yo. Paske Mwen te mete tout moun kont pwochen yo.
Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.
“Nan jou a Schamgar a, fis a Anath la, nan jou a Jaël yo, gran chemen yo te abandone, e vwayajè yo te pase pa lòt ti chemen.
Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo.