Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 15:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Nasyon t'ap kraze nasyon, vil t'ap detwi vil, paske Bondye te lage tout kalite malè sou yo.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 15:6
15 Referans Kwoze  

Paske nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen tranbleman de tè nan plizyè andwa. Va gen famin ak twoub. Bagay sa yo se kòmansman a doulè nesans lan.


Paske nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo.


Èske twonpèt sone nan vil la, san pèp la p ap pè? Èske malè kon rive nan yon vil, san ke SENYÈ a ki fè l?


Mwen voye li kont yon nasyon ki san Bondye e Mwen bay li komisyon kont pèp k ap resevwa kòlè Mwen an, pou kaptire piyaj yo, sezi byen yo, e pou foule yo anba tankou labou nan lari.


Konsa, Li te bay yo nan men a nasyon yo, pou sila ki te rayi yo vin renye sou yo.


Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.


Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.


Abija avèk pèp li a te detwi yo avèk yon gwo masak, jiskaske senk-san-mil mesye Israël te tonbe mouri.


Alò, zèv a Roboam yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Schemaeja yo, pwofèt a Iddo a, konseye a, selon anrejistreman zansèt yo? Epi te gen lagè kont Roboam avèk Jéroboam tout tan.


Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo.


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, mal la va sòti vin parèt de nasyon a nasyon, e yon gwo tanpèt va tòde jis rive nan pwent pi lwen de mond lan.


Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm.


Mwen va boulvèse twòn a wayòm yo, e detwi pouvwa wayòm a nasyon yo. Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo. Cheval yo ak chevalye yo va tonbe, yo tout pa nepe a frè yo.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite