Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.
2 Kwonik 15:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li. 1998 Haïtienne Men, lè malè tonbe sou yo, yo tounen nan pye Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo chache l, li kite yo jwenn li. |
Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.
Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.
Pandan li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo.
“Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a, k ap chache SENYÈ a: Gade vè wòch sou sila nou te taye a, vè min wòch kote nou te retire a.
Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
Vini, annou retounen kote SENYÈ a; paske li te chire nou, men Li va geri nou. Li te blese nou, men Li va panse nou.
Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo.
Ésaïe, ak kouraj te di: “Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo; Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”