Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 15:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pèsonn pa fòse yo, yo te sòti pou yo te chache konnen volonte Senyè a. Senyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinay yo.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 15:15
31 Referans Kwoze  

Paske li te di a Juda: “Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote.” Konsa yo te bati e yo te byen reyisi.


Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo;


Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm.


Anverite, selon jijman Ou yo, O SENYÈ, nou t ap tann Ou. Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.


Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.


Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.


Men nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li.


Men mwen sanse presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil,


Mwen pa t pale an sekrè, nan yon peyi fènwa. Mwen pa t di a desandan Jacob yo, ‘Chache M anven.’ Mwen, SENYÈ a, pale ladwati. Mwen deklare sa ki dwat.”


Chemen li yo byen dous, e tout pa li yo se lapè.


Mwen te sèmante e mwen va konfime sa, Ke m va kenbe òdonans Ou yo.


Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L? Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L? Li pli wo ke nasyon, ni lòm,


Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo.


Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.


Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub.


Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.


Alò, li te vin rive apre anpil jou, lè SENYÈ a te bay repo a Israël kont tout lènmi yo nan tout kote, e Josué te vin vye, avanse nan laj,


epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou.


Alò, sa nan kè m pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.


Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, akoz SENYÈ a te ba li repo.


Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a.


Konsa, wayòm Josaphat a te gen lapè, paske Bondye li a te ba li repo tout kote.


Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou. Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.


Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!”


Konsa, Josué te fè yon akò avèk pèp la nan jou sa a. Li te fè pou yo yon lwa ak yon règleman nan Sichem.


Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.


Bay glwa a sen non Li. Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a vin ranpli ak jwa.


Sila yo nan tout tribi Israël ki te dispoze kè yo pou swiv SENYÈ a, Bondye Israël la, te swiv yo rive Jérusalem pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.


Men gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.”


Wa a te kanpe nan plas li a, e te fè yon akò devan SENYÈ a pou mache nan chemen SENYÈ a, pou kenbe kòmandman Li yo avèk temwayaj Li yo, avèk règleman Li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou reyisi fè tout pawòl a akò ki ekri nan liv sila yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite