Wi, w'a di yo: Papa m t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm se mete m'ap mete sou chay la ankò. Papa m te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m bat nou.
Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m!
Mwen te fache ak pèp Mwen an; Mwen te pwofane eritaj Mwen an, e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. Ou pa t montre yo gras, men menm ak granmoun nan vyeyès yo, ou te fè jouk ou byen lou.