Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 8:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Konsa nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Jou sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n ava chwazi a. Men lè sa a, Senyè a p'ap okipe nou.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 8:18
13 Referans Kwoze  

Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”


Paske ki espwa sila ki san Bondye a genyen lè l koupe retire nèt, lè Bondye fè l oblije bay lavi li?


Èske Bondye va tande kri li lè malè rive li?


Yo te kriye sekou, men pa t gen moun pou sove yo; menm a SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.


Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.


Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.


Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout pou l pa ka sove; ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.


Yo va pase nan peyi a, plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè.


Akoz sa, anverite, Mwen va aji ak gwo kòlè. Zye m p ap gen pitye, ni Mwen p ap epanye pèsòn. Malgre yo kriye nan zòrèy Mwen ak gwo vwa, malgre sa, Mwen p ap koute yo.”


Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a, men Li p ap reponn yo. Olye de sa, nan lè sa a, Li va kache figi li a yo menm, akoz yo te pratike zak ki mechan.”


Depi mèt kay la leve efèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: ‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.


Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite