Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 10:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Jenn gason kanmarad li yo reponn li: — Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo a. W'a di yo: Si papa m te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 10:10
14 Referans Kwoze  

Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè li wa a.


Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”


Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’”


Moun saj yo ranmase konesans; men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.


Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li.


Yon nonm saj fè atansyon pou l vire kite mal; men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.


Sispann koute disiplin, fis mwen an e ou va pèdi chemen konesans.


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


Yon nonm awogan ap pwovoke konfli; men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.


Ògèy a yon nonm va mennen li ba; men yon lespri enb va jwenn respè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite