Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
2 Jan 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Malgre ke mwen gen anpil bagay pou m ta ekri nou, mwen pa vle fè sa avèk papye ak lank; men mwen espere ke m va vini a nou menm pou nou pale fasafas, jis pou jwa nou kapab vin akonpli. 1998 Haïtienne Mwen gen anpil bagay pou m di nou. Men, mwen pito pa ekri yo sou papye ak lank. Mwen swete m'a ka vin lakay nou pou m pale ak nou fasafas, pou nou tout nou ka kontan nèt. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen genyen anpil bagay ankò pou m ta ekri w, men m pa vle fè sa sou papye ak lank, men mwen espere ale lakay ou pou nou ka pale fasafas. Konsa n ap kontan nèt. |
Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
“Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
“Men koulye a, Mwen ap vini kote Ou. Konsa, bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.
“Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli.
nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab ede m fin rive la apre mwen fin rejwi de prezans nou pandan kèk tan.
avèk lanvi pou m wè ou menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
An menm tan an tou, prepare pou mwen yon kote pou m rete, paske mwen gen espwa ke pa lapriyè ou yo pou mwen, y ap lage m nan men ou.
Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm.
Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li fè, lè l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle fè sa, epi mete yo deyò legliz la.