Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a.
1 Wa 1:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pandan li te toujou ap pale, men vwala, Jonathan, fis a Abiathar a, prèt la te vin rive. Alò Adonaja te di: “Antre, pwiske ou se yon nonm vanyan ki pote bòn nouvèl.” 1998 Haïtienne Li pat ankò fèmen bouch li, Jonatan, pitit Abyata prèt la, rive. Adonija di l konsa: — Antre non, monchè! Ou se moun debyen, se bòn nouvèl ase pou ou pote! |
Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a.
Gade byen, de fis pa yo a avèk yo la a, Achimaats, fis a Tsadok a e Jonathan, fis a Abaithar a; epi pa yo menm, ou va voye ban mwen tout bagay ke ou tande yo.”
Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la.
Gadyen an te di: “Mwen kwè ke kouri a premye a sanble kouri a Achimaats, fis a Tsadok la.” Epi wa a te di: “Sa se yon bon mesye e li pote bòn nouvèl.”
Alò, Adonaja avèk tout envite ki te avèk li yo te tande sa pandan yo te fin manje. Lè Joab te tande bwi a twonpèt la, li te di: “Poukisa gen zen lavil la konsa?”
Epi wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t ap fè bon pwofesi pou mwen, men pito move?”
Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?” Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”