A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”
1 Timote 2:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon. 1998 Haïtienne Se pou medam yo, nan tout trankilite, enstwi tèt yo, avèk soumisyon. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yon madanm dwe koute epi aprann san fè eskandal, avèk volonte pou yon obeyisans total. |
A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”
Lè dekrè ke a wa a va fè a tande nan tout wayòm li an, ki tèlman gran, alò tout fanm va gen respè a mari yo, kit gran, kit piti.”
Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.
men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo,