Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 11:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Men, sa mwen vle nou konprann byen: Se Kris la ki Chèf tout gason. Se mari ki alatèt madanm li. Se Bondye ki chèf Kris la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Epi, men kèk bagay mwen ta renmen eksplike nou, paske se vre, se Kris ki alatèt tout gason yo, alatèt madanm nan se gason an epi se Bondye ki alatèt Kris.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 11:3
23 Referans Kwoze  

A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”


Gade byen, sèvitè Mwen an va aji avèk sajès. Li va leve wo, e vin egzalte anpil.


Gade byen, Mwen te bay li kon yon temwen a pèp la, yon chèf ak kòmandè pou pèp la.


Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


“Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M.


Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.


men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris Li menm.


Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay.


Epi nan Li menm nou vin konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout wayòm ak otorite yo.


ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.


Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.


Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite