Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Pyè 3:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt nou devan mari nou. Konsa si gen mari ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san nou pa bezwen louvri bouch nou,

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Nou menm medam, menm jan an tou, se pou n soumèt nou devan mari nou. Konsa, si gen nan yo ki refize kwè nan pawòl Senyè a, yo va rive kwè poutèt jan n ap viv. Nou p ap menm bezwen pale.

Gade chapit la Kopi




1 Pyè 3:1
26 Referans Kwoze  

A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”


Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi, e sila ki saj va sove nanm yo.


Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye; konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.


“Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.


Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: “Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?”


Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a.


Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a.


Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.


Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.


Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.


Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.


Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.


Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an.


Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a.


Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale.


Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la,


Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè,


lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.


Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.


Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite