Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la.
1 Samyèl 9:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te pase nan peyi ti kolin Éphraïm nan e te pase nan Schalisha, men yo pa t jwenn yo. Alò, yo te pase nan peyi Schaalim, men yo pa t twouve anyen. Alò, li te pase nan peyi Benjamin yo, men yo pat jwenn anyen. 1998 Haïtienne Yo mache nan tout mòn Efrayim yo ak nan tout peyi Chalicha a, men yo pa jwenn bourik yo. Y'ale nan tout peyi Chaalim lan, yo pa jwenn yo. Y'ale nan tout peyi Benjamen an, yo pa jwenn yo. |
Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la.
Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”
Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize.
Anplis, Éléazar, fis a Aaron an te vin mouri. Yo te antere li nan Guibeath-Phinées, ki te bay a fis li nan peyi ti kolin a Éphraïm yo.
Alò, li te vin rive nan jou sa yo, pandan pa t gen wa an Israël, ke te gen yon sèten Levit ki te rete nan zòn izole nan peyi ti kolin Ephraïm nan. Li te pran yon mennaj pou kont li, ki soti nan Bethléhem nan Juda.
Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an.
Alò, bourik ki te pou Kis yo, papa a Saül te pèdi. Epi Kis te di a Saül: “Alò, pran koulye a avè w youn nan sèvitè yo; leve, al chache bourik yo.”