Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 9:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Lè yo te rive nan peyi Tsuph, Saül te di a sèvitè ki te avèk li a: “Vini! Annou retounen, oswa papa m va sispann okipe afè bourik pou enkyete pou nou menm.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè yo rive nan peyi Souf, Sayil di domestik ki te avè l la: — Ann tounen lakay pou papa m pa gen tèt chaje pou nou jouk pou l ta rive bliye bourik li yo.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 9:5
7 Referans Kwoze  

“Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li?


E poukisa nou enkyete pou zafè rad? “Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal;


“Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”


“Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di;


Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou.


Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an.


Lè ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre tonm Rachel la, nan teritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: ‘Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: “Kisa mwen va fè konsènan pitit mwen an?”’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite