Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa; ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen, ke se Mwen se SENYÈ a, ki aji nan lanmou dous, jistis, ak ladwati sou latè a; paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
1 Samyèl 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Samuel potko konnen SENYÈ a, ni pawòl SENYÈ a potko revele a li. 1998 Haïtienne Samyèl pat ankò konnen Senyè a paske Senyè a pat ankò janm pale avè l anvan sa. |
Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa; ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen, ke se Mwen se SENYÈ a, ki aji nan lanmou dous, jistis, ak ladwati sou latè a; paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
Li te mande yo: “Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?” Yo te reponn li: “Non, nou pa menm konn tande si gen yon Lespri Sen.”
Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo.
Senyè a te rele ankò: “Samuel!” Konsa, Samuel te leve, li te ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele m.” Men li te reponn: “Mwen pa t rele ou, fis mwen, ale kouche ankò.”
Alò, SENYÈ a te rele Samuel ankò pou yon twazyèm fwa. Epi li te leve ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele mwen.” Konsa, Éli te vin apèsi ke SENYÈ a t ap rele gason an.