Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
1 Kwonik 3:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Amon, fis pa li a; Josias, fis pa li a. 1998 Haïtienne Manase te papa Amon, Amon te papa Jozyas. |
Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
Amon te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba.
Li te antere nan tonm pa li nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.
Sèvitè li yo te kondwi kadav li a nan yon cha soti Méguiddo pou te mennen li rive Jérusalem, e yo te antere li nan pwòp tonm pa li. Konsa, pèp peyi a te pran Joachaz, fis a Josias la, yo te onksyone li, e yo te fè l wa nan plas papa li.
Farawon Néco te fè Éliakim, fis a Josias la wa nan plas Josias, papa li e te chanje non li an Jojakim. Men li te mennen Joachaz sòti. Li te mennen li an Égypte e li te mouri la.
Fis a Josias yo: Jochanan, premye ne a; dezyèm nan, Jojakim; twazyèm nan, Sédécias; katriyèm nan, Schallum.
Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem.
Alò, pèp peyi a te pran Joachaz, fis Josias la, e yo te fè li wa nan plas papa li Jérusalem.
Sédécias te gen laj a ven-te-yen nan lè l te vin wa e li te renye pandan onzan Jérusalem.
Jojakim te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa e li te renye onzan Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, Bondye li a.
Paske se konsa SENYÈ a pale a Schallum, fis a Josias, wa Juda a, ki te vin wa nan plas Josias, papa li, ki te ale kite plas sa a: “Li p ap janm retounen la,
Pou sa, konsa SENYÈ a pale konsènan Jojakim, fis a Josias, wa Juda a: “Yo p ap fè dèy pou li. Ni rele ‘Anmwey, frè m!’ ni ‘Anmwey sè m!’ “Yo p ap fè gwo kri pou li. Ni ‘Anmwey, mèt mwen!’ Ni ‘Anmwey, pou grand pwisans li!’