Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Wa 21:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Amon te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Amon te gen venndezan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan dezan. Manman l te rele Mechoulemèt. Se te pitit fi Awouz, yon moun lavil Jotba.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 21:19
9 Referans Kwoze  

Alò, Nadab, fis a Jéroboam nan, te vin wa sou Israël nan dezyèm ane Asa a, wa Juda a e li te renye sou Israël pandan dezan.


Nan venn-sizyèm ane Asa a, wa a Juda a, Éla, fis a Baescha a, te vin wa sou Israël nan Thirtsa e li te renye pandan dezan.


Achazia, fis a Achab la te devni wa nan plas li.


Nan senkyèm ane a Azaria a, wa Juda a, Pekachia, fis a Menahem nan, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan dezan.


Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.


Amon, fis pa li a; Josias, fis pa li a.


Tout mesye ki te konte pami Levit yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmand a SENYÈ a, pa fanmi pa yo, tout gason ki te gen yon mwa oswa plis, te venn-de-mil (22,000).


epi pa Ézéchias te fèt Manassé; e a Manassé, Amon; e pa Amon Josias;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite