Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Kwonik 18:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, David te fè mete ganizon sòlda pami Siryen nan Damas yo. Siryen yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa. Nenpòt kote li te ale, SENYÈ a te ede David.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre sa, David mete moun pa l pou gouvènen peyi Damas la. Moun Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye taks chak lè. Se konsa Senyè a te fè David genyen tout batay kote l pase.

Gade chapit la



1 Kwonik 18:6
8 Referans Kwoze  

Mwen te avèk ou tout kote ke ou te ale, e te koupe devan ou tout lènmi ou yo. Konsa, Mwen va fè yon non pou ou pare ak pi gwo moun sou latè yo.


Li te bat Moab e Moabit yo te vin sèvitè a David e te pote kontribisyon obligatwa yo.


Lè Siryen nan Damas yo te vini ede Hadarézer, wa Tsoba a, David te touye venn-de-mil òm nan Siryen yo.


David te pran boukliye an lò yo ki te pote pa sèvitè Hadarézer yo pou te pote yo Jérusalem.


Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre, depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.


Cheval la prepare pou jou batay la; men viktwa a se nan men SENYÈ a.


David t ap reyisi nan tout chemen li yo, paske SENYÈ a te avèk li.