Men rès nan pèp la, li te plase yo nan men Abischaï, frè li a e li te ranje yo kont fis Ammon yo.
1 Kwonik 18:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Anplis, Abischaï, fis a Tseruja a, te bat diz-ui-mil Edomit nan Vale Sèl la. 1998 Haïtienne Apre sa, Abichayi, pitit gason Sewouja a, touye dizwitmil (18.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. |
Men rès nan pèp la, li te plase yo nan men Abischaï, frè li a e li te ranje yo kont fis Ammon yo.
Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo osi te sove ale devan Abischaï e te antre nan vil la. Alò, Joab te retounen sispann goumen kont fis a Ammon yo pou te rive kote Jérusalem.
Epi David te di a Abischaï: “Koulye a Schéba, fis a Bicri a, va fè nou plis mal ke Absalom. Pran sèvitè mèt ou yo e kouri dèyè li, pou li pa twouve pou kont li vil ki ranfòse pou chape devan zye nou.”
Men Abischaï, fis a Tseruja a te ede li, li te frape Filisten an pou te touye li. Epi mesye David yo te fè ve a li e te di: “Wa David, ou p ap sòti avèk nou ankò nan batay la pou ou pa vin etenn lanp Israël la.”
Abischaï, frè a Joab la, fis a Tseruja a, te chèf a trant yo. Li te voye lans li kont twa san moun, li te touye yo, e li te gen yon non ki vin rekonèt menm jan ak twa yo.
Konsa, Joab avèk Abischaï te touye Abner akoz li te mete frè yo a lanmò nan batay Gabaon an.
Paske li te vin rive ke lè David te Édom e Joab, chèf lame a te monte pou antere mò yo, li te frape touye tout gason nan Édom yo
Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.
Epi Abischaï, frè a Joab la te chèf a trant yo ke li te ye e li te voye lans li kont twa san moun e te touye yo. Li te rekonèt menm jan kon trant yo.
Wa David te konsakre sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te rache pote soti nan men a tout nasyon yo: depi nan Edom, Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo ak Amalekit yo.
Epi li te mete ganizon sòlda nan Edom, e tout Edomit yo te devni sèvitè David. Epi SENYÈ a te ede David nenpòt kote li te ale.
Men retay a pèp la, li te plase nan men Abischaï, frè li a; epi yo te alinye yo kont fis Ammon yo.
Sè pa yo se te: Tseruja avèk Abigaïl. Epi twa fis a Tserula yo: Abischaï, Joab avèk Asaël, twa.
Alò, Amatsia te ranfòse tèt li; li te mennen pèp li a sòti pou ale nan Vale Sèl la, e te frape di-mil nan fis a Séir yo.
Ou te fè latè tranble. Ou te fann li pou l ouvri. Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.
Konsa, David te di a Achimélec, Etyen an ak Abischaï, fis a Tseruja a, frè a Joab, e li te di: “Se kilès k ap desann avè m kote Saül nan kan an?” Abischaï te di: “M ap desann avè w.”
Alò, Abischaï te di a David: “Jodi a, Bondye gen tan livre lènmi ou an nan men ou. Pou sa, koulye a, kite mwen frape li avèk frenn nan rive jis atè ak yon sèl kou e mwen p ap frape li yon dezyèm fwa.”