Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 26:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Alò, Abischaï te di a David: “Jodi a, Bondye gen tan livre lènmi ou an nan men ou. Pou sa, koulye a, kite mwen frape li avèk frenn nan rive jis atè ak yon sèl kou e mwen p ap frape li yon dezyèm fwa.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Abichayi di David konsa: — Aswè a Senyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Kounyeya, kite m kloure l atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l de fwa.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 26:8
16 Referans Kwoze  

Alò, Abischai, fis a Tseruja a te di a wa a: “Poukisa chen mouri sa a ta dwe modi mèt mwen an, wa a? Kite mwen janbe ale koupe tèt li.”


Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an. Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.


Epi Jochanan, fis a Karéach la, te pale an sekrè ak Guedalia nan Mitspa. Li te di: “Kite mwen ale touye Ismaël, fis a Nethania a e pèsòn p ap konnen! Poukisa li ta dwe pran lavi ou pou tout Jwif ki rasanble a ou menm yo ta gaye, e pou retay Juda a ta peri?”


Nenpòt panse nou konn fè kont SENYÈ a, li va mete fen a sa nèt. Gwo twoub sa a p ap parèt de fwa.


Paske Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li.


Kijan yon moun ta kapab chase yon milye, pou de sèl grenn fè di mil sove ale, sof ke Wòch pa yo a te vann yo, sof ke SENYÈ a te livre yo bay.


Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo.


Juda te monte e SENYÈ a te livre Kananeyen yo avèk Ferezyen yo nan men yo. Yo te bat di-mil lòm Bézek.


David te rete nan dezè a nan fòterès yo e li te rete nan peyi ti mòn dezè Ziph la. Epi Saül te chache li chak jou. Men Bondye pa t livre li nan men li.


Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la.


Li te vin rive apre ke konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la.


SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a.


Konsa, David avèk Abischaï te pwoche kote pèp la nan lannwit. Epi vwala, Saül te kouche nan dòmi anndan won kan an avèk frenn li kole nan tè kote tèt li. Epi Abner avèk pèp la te kouche antoure li.


Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite